Librairie Blanche

Sòti nan Gwo Koudyay Mizik pou Tonbe nan Gran Panpan Politik: kalinda Mouche Michèl Jòsèf Mateli.

par Ernst Delma

Crédits & contributions

EAN
  • ÉditeurLULU
  • Parution09 décembre 2022

Prix TTC

19,42

Manque sans date

Momentanément indisponible, sans date de réassort connue.

Ti peyi nou, Ayiti Tonma, reyèlman renmen enskri non li an gran'n manchèt nan fèy papye listwa. Li pwouve li plizyè fwa, nan anpil sikonstans e nan an pil kalfou listwa inivèsèl. Ke yo te rele lidè ke li te chwazi Tousen Louveti, Desalyn, Kristòf, Petyon, Bwaye, Lesko, Estime, Divalye, Aristid, Preval pou nou site sèlman youn ti ponyen nan sila-a yo ki te make listwa peyi nou youn mannyè ke nou pa ka bliye, ou byen ke li rele Mateli jounen jodi-a, travay la te anpil e li toujou anpil. Pou yo te tante konjire malè pandye ki te blayi sou nou, li te mande yo anpil jèvrin e anpil sakrifis nan mitan tout chirepit ki ta pe dechire zantray peyi nou. Lidè nou sòt site la-yo, tout te konpran'n e yo toujou konpran'n ke yo te sipoze fè fas ak realyte nou ak anpil kouray e, anpil fwa, an gason jan'm, an gason kanson fè nan desizyon ke yo te blije pran, men yo pa te janmen sispan'n montre ke konpasyon se sèl remèd kont gwo pwoblèm ke nou toujou ap travèse.